San Konsyans [Kanaval 2019]

Genre-Kanaval
Year-2019
Lyrics By-Roody Roodboy
Manman manman – ay ay
Di mwen kote w ye – ay ay
Manman manman ay ay
Èske wap tande m

Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
Nou pa kapab ankò leta
Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
Nou peyi a an reta

Pèp la bouke manje mizè
Palemantè menm ap milyonè
Bwat leta yo plen raketè
Opozisyon chaje magouyè
Nou fout bouke

Nou bouke, nou bouke - Wap voye kraze brize
Nou pa kapab ankò leta - Pitit ou ap etidye a letranje
Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
(Nou genlè pran m pou egare)
Nou peyi a an reta

Pale le le – pale
Fòk leta a pran pozisyon chita pale
Pale le le – pale
Fok nou jwenn yon teren dantant pou n avanse

Eske konsyans yo pa touche yo
lè malere pa ka manje
Kòb ameriken ap monte wo
Gazolin nan pa bon mache

Ay yo touye on bann jounalis – Jean Dominique
Leta pa ka bay jistis
Yap vòlè kòb nan lona
Pèp la ap manje nan fatra

Manman m te ka vivan toujou tande
Si lopital kanapevè te kite l antre
Senk mil goud sèlman ki li bloke
Nou kite tansyon l desann jouk kan kè li bloke
Nou gen manman tou mesye

San konsyans – nou pa respekte lavi
San konsyans – nou san konsyans tande
San konsyans – neg yo mechan
San konsyans

Gade gè gade gè (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo
Gade zam, gade zam (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo

Bèlè tire pow, Delmas 2 reponn pow pow
Touron tire pow, lasalin reponn pow pow
Tibwa tire pow, Granravin reponn pow pow
Boston tire pow, bedekou reponn pow pow

Gade gè gade gè (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo
Gade zam, gade zam (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo

Pele tire pow, Metisimon reponn pow pow
Pilat tire pow, Sitededye reponn pow pow
Raboto tire pow, Jibele reponn
Si n vle pou gen chanjman fòk gen dezameman

Nèg kip a gen machin toujou ap boule machin moun nan lari a
Lè yap manisfeste
Nèg ki pa gen biznis toujou ap kraze biznis moun nan lari a

A lon ti pèp sovaj - wo
Nou fè peyi a lèd - ye iye

Nou gendwa manisfeste – wi
san nou pa kraze brize – wi
san n pa mete dife – oh kote nèg yo fè

chaje nèg ki nan manwon – pou lajan petwokaribe a
gen nèg debyen ki nan mawon – pou lajan petwokaribe a
gen milat ki nan mawon – pou lajan petwokaribe a
gade vòlò ki nan mawon – pou lajan petwokaribe a

si mizè nan bouda w
pwoblèm nan bouda w
lavi chè nan bouda w
mete bagay anlè pou w dedouble

dedouble
mayo anlè – dedouble
mouchwa anlè – dedouble
kepi anlè – dedouble
drapo - dedouble

dedouble – souke

woy woy gadon doulè gadon doulè
woy woy gadon doulè gadon mizè

peyi a sa manje manman m
li manje papa m
kounya san fanmi m lage debra pandye wo
lajistis san konsyans wo, ede m rele

anmwey, jouk kilè sa va chanje
anmwey, an verite nou fout bouke

lasalin moun ap tonbe se kochon kape manje yo
lapolis pap menm byen touche nan lari yape boule yo Bondye

met men anlè pou n chache pou letènel

la si gras la vini a dwat – n ap pran l
si l vini a goch – n ap pran l
si l vini a dwat – n ap pran l
si l vini a goch – n ap pran l
a dwat – n ap pran l
a goch – n ap pran l
a dwat a goch – n ap pran l

ayiyay iyay iyay – he he he
ayiyay iyay iyay – oh oh oh

Mkatè – yo mele
Mache ti Tony – yo mele
Haitnet se sa net – yo mele
yo mele yo mele pi rèd

Bienvenu auto parts – yo mele
Kafe ti pilon – yo mele
Magi interstate – yo mele
Richele Rotela – yo mele

ayiyay iyay iyay – he he he
ayiyay iyay iyay – oh oh oh

Suzuki – yo mele
Tirezone – yo mele
Yo mele
yo mele yo mele pi rèd

Rebo hot sauce – yo mele
Kreyolito – yo mele
yo mele yo mele pi rèd


Join Our Haitian Lyrics Community & Earn Rewards!

Become a contributor and share your favorite lyrics

Not only will you get to contribute and connect with other music lovers, but every time you add lyrics, you earn points! celebrate the beauty of Haitian music while unlocking awesome benefits. The more you contribute, the more you earn! Don't miss out! Be part of a community where your love for music pays off!Join Wikimizik
hero

What's Wikimizik

WikiMizik explains Creole music songs. Konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval. You name it.Jam to your favorite tunes. Share the lyrics and your interpretation of your favorite lines. Just click the line and add your explanation. It can be a couple of sentences, a picture, or a video. Or all three.Anyone can create an account. And anyone can comment on other explanations.We know what's gibberish to some is deep to others. Together we'll tell the hidden story in every lyric, slogan, and shoutout. It's simple...
  • 01Add Songs
  • 02Add Explanations
subsc
Help us move the culture forward

Artists, Share Your Lyrics and Celebrate Haitian Music Worldwide

WikiMizik is the go-to platform for exploring the rich diversity of Haitian music, including konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval, and more. By sharing your lyrics on WikiMizik, you not only help preserve the essence of Haitian music but also make it easier for fans around the world to connect with your artistry. Adding your lyrics enriches the cultural archive and allows listeners to fully appreciate the depth and meaning behind your songs. Your participation helps showcase the beauty our music to a global audience while giving your work the recognition it deserves.There are two simple ways to share your lyrics with WikiMizik. First, you can create an account on our website and upload the lyrics yourself, ensuring they are accurately represented. This approach also allows you to engage directly with our community. Alternatively, if you prefer, you can send the lyrics to us via email at wikimizik@gmail.com, and our team will handle the rest. Join us in celebrating and preserving Haitian music by contributing your lyrics today!
hero